i. Kont ki fèt nan twa mwa anvan ak apre yon sèvis ki te kalifye kòm sanzabri ap konsidere tou kòm sanzabri epi kalifye pou ajisteman( dapre kòd ajisteman 5045). ii. Sous done nan nivo Eta ak lokal ki reprezante endijans oswa zouti evalyasyon kredi ka itilize kòm sous pou apwouve yon garan pou FAP. iii. Nan okenn ka sous sa yo p ap itilize sèlman pou diskalifye yon kandida. e. Garan ki kalifye pou pwogram asistans( sètadi, koupon pou manje, wèlfè, elatriye), oswa ki konsidere kòm endijan sou plan medikal gendwa pa oblije ranpli yon aplikasyon pou FAP pou yo konsidere yo pou pwogram nan. i. Sous done nan nivo Eta ak lokal ki reprezante endijans oswa zouti evalyasyon kredi ka itilize kòm sous pou apwouve yon garan pou FAP. ii. Nan okenn ka sous sa yo p ap itilize sèlman pou diskalifye yon kandida. Sepandan, si yon pasyan pa kowopere pou asistans leta, yo ka refize pasyan an Èd Finansye tou. f. Pasyan Medicare ki kouvri ak pwogram Benefisyè Medicare Kalifye( Qualified Medicare Beneficiary, QMB) oswa pwogram Benefisyè Medicare Revni Fèb Espesyal( Specified Low-Income Medicare Beneficiary, SLMB). g. San papye legal: Garan endijan ki abite Ozetazini san estati imigrasyon legal. Apwobasyon pou Medicaid Dijans oswa yon atestasyon ki soti nan yon òganizasyon byenfezans ka itilize kòm prèv endijans. Direktè a oswa Vis Prezidan an gendwa apwouve lòt fòm endijans. h. Andikap total oswa pasyèl selon dokiman Sekirite Sosyal, VA oswa lòt ajans gouvènman an.
6. Detèminasyon a. Detèminasyon kalifikasyon pou FAP ak ajisteman byenfezans ki dwe aplike on fwa yo apwouve baze sou Nivo Povrete Federal( Federal Poverty Level, FPL) garan an, jan Depatman Sante ak Sèvis Sosyal defini li. b. Si gen yon kopeman FAP ki dwe, garan yo oblije peye valè kopeman afekte a ki endike nan Tablo Kopeman nan Atik 7. a. i politik sa a. c. Sejou pasyan entène ki kalifye pou FAP ap vin anvigè pou FAP apati dat admisyon an jiska dat egzeyat la eksepte pou pati nan sejou a ki ka kouvri nan asirans. d. Yo voye notifikasyon apwobasyon oswa refi bay garan an. a. Si yo refize aplikasyon pou FAP an, Espesyalis Èd Finansye a ap kontakte garan an avèk enfòmasyon konsènan opsyon aranjman pou peman. e. Pasyan ki detèmine kòm kalifye pou èd finansye avèk vizit pandan 6 mwa annapre yo, epi ki endike sikonstans finansye yo pa te chanje, ka resevwa èd finansye pou yon admisyon ankou san pwosesis evalyasyon finansye konplè a. i. Si garan an gen yon lòt sèvis nan yon etablisman Renown nan dat apwobasyon yo, garan an dwe enfòme Èd Finansye Renown nan 775-982-5747 pou aplike apwobasyon FAP a pou lòt kont yo. ii. Yo dwe enfòme Èd Finansye Pasyan Renown pou nenpòt chanjman ki fèt nan revni oswa nan gwosè fwaye a pandan peryòd apwobasyon sis mwa * a pou konsève kalifikasyon. iii. Si yon pasyan endike sikonstans finansye li yo te chanje, lè sa faktè ki chanje yo dwe evalye pou evalye enpak ki fèt sou detèminasyon kalifikasyon anvan an. Yon aplikasyon konplè ak yon detèminasyon dwe fèt apre sis mwa *.
1. * Pou sèvis ki bay nan Women’ s Health – 975 Ryland: Peryòd kalifikasyon an egal ak dire gwosès la( ki gen ladan tranche ak akouchman nan lopital la)