4. Kritè Kalifikasyon yo a. Sèvis Renown Health yo kalifye pou FAP an. i. Doktè ak chirijyen k ap founi sèvis nan Lopital la ki gen ladan, men pa sèlman, anestezis, doktè ijans, patolojis ak radyològ kapab kontraktè endepandan ki gen otorizasyon pou itilize enstalasyon Lopital la pou swen ak tretman pasyan pa yo. Kèk doktè ak chirijyen se pa ajan Renown Health yo ye, epi yon garan ka resevwa yon bòdwo apa nan men doktè sa yo pou sèvis yo bay. Sèvis ki founi pa kontraktè endepandan, oswa pa ajan ki pa nan Renown Health, pa depann de pwogram èd finansye Renown Health la. b. Kont ouvè, ansanm ak kont nan Dèt ki Pa Kapab Rekipere oswa dèt ki koleksyon depi mwens pase 90 jou se kont ki kalifye. Eksepsyon ka mande epi yo ka nesesite apwobasyon nan men VP Sik Revni an oswa nivo pi wo. c. FAP an pa aplike pou frè ki pa gen nesesite medikal. d. FAP an pa ka itilize pou pwosedi kosmetik oswa baryatrik, fekondasyon, pwosedi menm jou, oswa pwosedi pri pakè. e. Tout seleksyon yo pral baze sou sitiyasyon finansye garan an nan moman aplikasyon an. f. Garan yo dwe ranpli kritè ki apre la yo: i. Garan yo oblije aplike pou asistans / asirans leta. 1. Garan ki gen yon revni ki diskalifye l pou asistans / asirans leta pa oblije aplike pou asistans / asirans leta. 2. Si yon pasyan pa kowopere pou asistans leta, yo ka refize pasyan an Èd Finansye. ii. Aplikan yo pral resevwa yon FPL lè avèk itilizasyon matris FPG nasyonal ki dokimante ki itilize nan moman aplikasyon an. 1. Y ap konsidere pou pwogram FAP an garan ki gen yon FPL fwaye ≤ 400 %. g. Sikonstans Espesyal: i. Garan ki vin andikape totalman akòz yon pwoblèm medikal epi ki pa gen nivo revni pase yo k ap itilize ankò pou detèmine FPL. ii. Katastwofik: Frè katastwofik rive lè depans medikal yon pasyan pou yon epizòd swen depase 25 % revni anyèl li anvan taks OSWA si depans medikal pou li oswa pou manm fanmi pwòch li ki te fèt nan Renown oswa ki te peye bay founisè swen sante Renown yo nan douz( 12) mwa ki sot pase yo depase 25 % revni fanmi pasyan an. Garan ki pi wo pase 400 % FPL men ki gen gwo bòdwo medikal akòz maladi katastwofik, gendwa konsidere pou FAP an. Y ap detèmine revni an avèk menm kritè tankou FAP ki pa katastwofik. Pou kalkile ajisteman pou ka ki kalifye yo, 25 % revni ap soustrè nan total depans medikal ouvè yo epi y ap ajiste balans ki rete a. 25 % an ka peye selon yon plan peman si sa nesesè. iii. Nan ka ra kote pasyan an pa kapab konfòme l ak kondisyon kalifikasyon yo, CFO lopital la ap gen otorite pou l egzamine sikonstans espesyal yo epi pran desizyon sou kalifikasyon.
5. Kalifikasyon Prezime( okenn aplikasyon pa nesesè): Yo ka jije garan yo kòm endijan nan sikonstans annapre la yo, epi yo yon aplikasyon pou FAP pa nesesè pou apwobasyon FAP an. a. Pasyan ki kouvri ak Medicaid Deyò Eta kote lopital la sitiye a pa yon founisè otorize epi kote enskripsyon oswa ranbousman Medicaid Deyò Eta a fè li entèdi pou lopital la vin yon founisè( verifikasyon kouvèti Medicaid obligatwa) i. Lopital la ka soumèt verifikasyon kouvèti Medicaid kòm prèv kalifikasyon. b. Pasyan Medicaid ki gen sèvis yo refize oswa ki fin itilize tout benefis yo nèt c. Garan ki mouri ki san okenn byen koni d. Garan ki detèmine kòm sanzabri, idantifye ak de sous( adrès jenerik oswa chèltè kalifye, dyagnostik dosye medikal, notasyon founisè klinik, dosye piblik, dosye biwo kredi, atestasyon pasyan ak lòt sous asosye) oswa avèk apwobasyon oswa rekonesans nan yon chèltè pou sanzabri.