FAP Haitian Creole Financial Assistance Program Policy | Page 2

c. Annakò ak estanda bon pratik medikal; d. Pa fèt pou fasilite pasyan an oswa doktè pasyan an; epi e. Nivo swen ki pi apwopriye pou pasyan an jan li detèmine ak eta sante pasyan an epi non pa sitiyasyon finansye oswa sitiyasyon Fanmi garan an 10. Frè Brit – Frè ki pa gen rabè.
Politik: 1. Notifikasyon sou Pwogram a. Enfòmasyon sou FAP Renown lan, sa gen ladan yon rezime nan langaj klè, disponib pou piblik jeneral la nan https:// www. renown. org / patients-and-visitors / billing / financial-assistance. b. Politik FAP an ak rezime nan langaj klè a pral tradui nan popilasyon Konte Washoe ki gen laj 5 lane oswa plis dapre lang ki pale nan kay yo ki depase 5 % dapre Nevada Tomorrow:: Enfòmasyon demografik:: Konte:: Washoe:: Popilasyon. c. Garan yo ka mande yon aplikasyon pou FAP oswa yon rezime nan langaj klè nan nenpòt anplasman admisyon Renown Regional Medical Center, Renown South Meadows, ak Renown Rehabilitation, biwo èd finansye pasyan an nan Renown Regional Medical Center, oswa Biwo Biznis Renown Health nan 10315 Professional Circle Reno, Nevada 89521. d. Y ap bay garan yo enfòmasyon sou Pwogram Èd Finansye a nan pati anba tout relve pasyan ki mande peman pou sèvis ki bay yo.
2. Referans a. Y ap idantifye garan ki pa asire ak garan ki manke asire yo byen bonè otank posib lè pa gen okenn lòt sous peman ki disponib epi refere yo bay FAP. b. Referans yo ka fèt nenpòt lè yon garan fè konnen yon difikilte finansye epi li swete asistans jiska 12 mwa apre dat premye relve an. Si yo pa voye okenn relve, yo ka bay asistans jiska 12 mwa apati dat egzeyat la. Eksepsyon ka mande epi yo ka nesesite apwobasyon nan men VP Sik Revni an oswa nivo pi wo. c. Yo dwe bay enfòmasyon anrapò ak referans FAP anvan nenpòt pwosedi planifye ak nan moman sèvis la.
3. Aplikasyon a. Yon pasyan, garan, reprezantan pasyan an endike kòm kalifye pou diskite sou bòdwo li, gadyen legal yo oswa yon moun ki gen Manda pou pasyan an ka ranpli epi soumèt aplikasyon yo. b. Y ap bay garan ki refere yo yon lèt ak aplikasyon pou FAP. c. Plizyè kont ka soumèt pou revizyon sou yon sèl aplikasyon FAP. d. Byen ki egzante nan konsiderasyon finansye yo gen ladan rezidans kote yon garan ak / oswa fanmi garan an abite, otomobil ki nesesè pou transpò ale retou nan travay tout pati k ap travay, nenpòt kontra antèman peye davans oswa teren pou antere, nenpòt kontra asirans vi ki gen yon valè $ 10,000 oswa mwens, kont labank ki gen mwens pase de mwa revni, epi kont retrèt. e. Aplikasyon an ak dokiman finansye yo mande nan lèt FAP yo bay garan an dwe retounen bay Èd Finansye Renown pou yon aplikasyon ka konsidere kòm konplè. f. Si yon garan bezwen èd pou ranpli aplikasyon pou FAP a, li ka kontakte yon Espesyalis Èd Finansye nan 775-982-5747 oswa nan nimewo san frè a nan 855-951-6871 oswa nan Biwo Biznis a nan 775-982-4130 oswa nimewo san frè a nan 866-691-0284 oswa sou entènèt nan Renown. org. g. Y ap refize aplikasyon ki pa ranpli nan lespas 60 jou kalandriye apre yo emèt. Sipèvizè a ka apwouve ekstansyon yo.