f. Yon peman, refi, oswa rezime avantaj ki soti nan nenpòt sous peyè dwe jwenn anvan yo aplike ajisteman FAP finalize a. g. Garan yo refize FAP gendwa kalifye pou yon rabè pou Peman Rapid nan 20 % sou rès balans garan si pasyan an peye rès balans lan annantye nan lespas 30 jou apre notifikasyon desizyon FAP an. h. Benefisyè Medicare ki pa kalifye pou FAP gendwa kalifye pou yon Dèt ki Pa Kapab Rekipere nan Medicare dapre Politik Renown sou Dèt ki Pa Kapab Rekipere nan Medicare. i. Baz pou kalkile montan yo chaje pasyan yo antreprann ak dokiman klinik baze sou sèvis swen sante ki bay yo. Baze sou dokimantasyon sa a, frè yo aplike otomatikman, oswa estaf ki anchaje revizyon dosye klinik yo aplike yo. Nan pifò ka, espesyalis kodaj Jesyon Enfòmasyon Sante yo egzamine kont lan tou pou fè kodaj. On fwa tout frè yo te kapte, valide, epi yo te pwodui yon reklamasyon avèk balans final ki dwe pou kont lan, lè sa aplikasyon pou Èd Finansye a ka finalize.
7. Kopeman a. Garan yo soumèt ak yon montan kopeman baze sou Nivo Povrete Federal yo presizeman ansanm ak byen yo. Se HHS ki detèmine Nivo Povrete Federal. i. Tablo Kopeman
FPL % |
Kopeman |
0 %- 200 % |
$ 0.00 |
201 %-250% |
$ 50.00 |
251 %-300% |
$ 100.00 |
301 %-350% |
$ 150.00 |
351 %-400% |
$ 200.00 |
b. Montan kopeman garan yo dwe peye annantye nan moman apwobasyon aplikasyon FAP an baze sou revni yo deklare. i. Peman yo ka retade jiska yon maksimòm 90 jou apre soumisyon an, avèk apwobasyon
Sipèvizè a oswa nivo pi wo. ii. Apwobasyon aplikasyon an ap aplike pou tout kont ouvè ak aktif nan moman soumisyon aplikasyon ki satisfè kritè FAP yo. iii. Tout fiti responsablite finansye garan an ki satisfè kritè FAP pou sis mwa apati dat apwobasyon an kouvri tou anba aplikasyon an. 1. Garan a dwe enfòme Èd Finansye Renown nan 775-982-5747 pou aplike apwobasyon FAP an pou kont siplemantè. 2. Pa gen okenn kopeman siplemantè ki dwe pou kont ki satisfè kritè FAP pandan 6 mwa apati dat apwobasyon an. c. Garan yo ki apwouve pou FAP an p ap responsab plis pase AGB ki pou lopital la presizeman. Pasyan ki kalifye yo ap responsab montan ki pi piti a ant kopeman ki baze sou Nivo Povrete Federal byen presi a oswa AGB byen presi lopital la. i. Pou kesyon konsènan kalkil AGB a, pasyan yo ka kontakte Sant Kontak Oto-Peman nou an nan: a. Telefòn: 775-982-4130 b. An pèsòn: 10315 Professional Circle, Reno, Nevada 89521 d. Y ap faktire garan yo pou balans ki rete a baze sou detèminasyon ki fèt dapre Direktiv pou Faktirasyon ak Koleksyon Oto-Peman Renown yo. i. Pou mande yon kopi direktiv sa yo, ou ka kontakte yon Espesyalis Èd Finansye nan 775-982-5747 oswa nimewo san frè a nan 855-951-6871 oswa Biwo Biznis a nan 775-982-4130 oswa nimewo san frè a nan 866-691-0284 oswa sou entènèt nan Renown. org e. Si garan an te fè peman pou balans ki poko peye yo anvan apwobasyon FAP an, yo pral