Politik Renown v2021 Paj 2 nan 4
Eksepsyon yo depann de apwobasyon direksyon an.
5. Efò Rezonab siyifi Renown ap enfòme moun lan pou FAP an anvan li kòmanse ECA epi l ap evite kòmanse ECA pandan omwen 120 jou apati dat premye relve bòdwo apre egzeyat la. Ou ka jwenn plis enfòmasyon konsènan definisyon sa a nan direktiv IRS 1.501( r)- 6 Faktirasyon ak koleksyon( Billing and collection).
6. Moun Kalifye pou FAP siyifi yon Garan ki kalifye pou èd finansye dapre Pwogram Èd Finansye a san konsidere si moun nan te aplike pou èd.
7. Pwogram Èd Finansye( Financial Assistance Program, FAP) siyifi Pwogram Èd Finansye Renown pou pasyan ki pa asire ak pasyan ki manke asire, ki gen nan li kritè kalifikasyon, baz pou kalkile Èd Finansye a, metòd pou aplike, epi apwobasyon.
8. Garan( yo) siyifi pasyan an ak nenpòt lòt moun( plizyè moun) ki responsab kont lan. Ka gen plis pase yon sèl garan( yo) epi ka gen plis pase yon sèl kont faktirasyon lopital / pwofesyonèl nan Garan an( yo).
9. Kont Oto-Peye siyifi pòsyon nan kont yon pasyan ki se responsablite pèsonèl pasyan an( yo) oswa lòt Garan( yo). Montan sa a se peman ki rete apre nenpòt asirans swen sante ki disponib oswa lòt pati peyè( sa gen ladan kopeman, ko-asirans ak dediktib), ak apre nenpòt rabè.
10. Lwa sou Pratik Ekitab pou Koleksyon Dèt( Fair Debt Collection Practices Act, FDCPA) se règleman federal ki itilize pou gidaj aktivite koleksyon yo http:// www. ftc. gov / os / statutes / fdcpa / fdcpact. htm.
11. Rabè sou Oto-Peman Rabè ki aplike pou pasyan ki pa asire oswa ki manke asire anwetan rabè pakè oswa oto-peman nan menm jou a.
12. Aranjman pou Peman Opsyon pou peye sou yon peryòd tan yon balans ki dwe. Sa aplikab pou balans pasyan ki pa asire ak pasyan ki manke asire ki peye yomenm.
Politik: Depann de respè dispozisyon ki nan règleman sa a, Renown ka pran tout aksyon lajistis, sa gen ladan Aksyon Koleksyon Estwòdinè, pou jwenn peman pou sèvis medikal li bay yo.
• Verifikasyon Kouvèti Asirans: Depatman( yo) Sik Revni Renown Health verifye kalifikasyon kouvèti pou sèvis yo bay tout pasyan ki peye yomenm.
• Pou nenpòt sibvansyon ranbousman nan nivo gouvènman federal ak / oswa Eta kote yo dwe ranbouse Renown Health pou sèvis li bay pasyan ki pa asire, y ap mande verifikasyon kouvèti asirans lan anvan pou soumèt dosye bay ajans federal oswa ajans Eta a pou ranbousman. Sa asire ke tout dosye ki soumèt pou ranbousman te verifye kòm dosye ki pa gen kouvèti asirans nan moman yo te bay pasyan an swen yo.
Sik Bòdwo: Yo dwe poste oswa voye pa imel omwen kat relve apa pou koleksyon Kont Oto- Peye a nan dènye adrès koni pou Garan an. Omwen 120 jou dwe pase ant premye a ak kat anvwa egzijib yo.
a) Garan an gen obligasyon pou bay yon adrès postal kòrèk nan moman sèvis la oswa lè li demenaje. Si yon kont pa gen yon adrès valab, detèminasyon pou“ Efò Rezonab” pral fèt.
Politik ak Pwosedi sa yo se gidaj pou Òganizasyon an. Òganizasyon an rekonèt ka gen reyalite ak / oswa sikonstans byen presi ki jistifye yon eka yon dispozisyon byen presi nan politik la. Anyen nan dokiman sa pa gen objektif anpeche kapasite yon anplwaye pou sèvi ak bon jijman nan sikonstans konsa.