FAP Haitian Creole Billing and Collections Policy

Politik Renown v2021 Paj 1 nan 4
Tit Politik la:
Tit Travay Pwopriyetè Politik la:
Direktiv pou Faktirasyon ak Koleksyon anrapò ak Pasyan
Direktè Revni Pasyan
Se Konfòmite ki dwe ranpli seksyon sa a
Dat Antre Anvigè Aktyèl
7 / 2024
Dat Dènye Revizyon
12 / 2023
Komite Apwouve Pa:
Komite Dirijan Odit ak Konfòmite
Lòt Apwobasyon Komite:
PA APLIKAB
Pòte: Renown Health ak antite ki afilye li yo, sa gen ladan Renown Regional Medical Center, Renown South Meadows Medical Center, ak Rehabilitation Hospital, adopte politik ak pwosedi ki annapre la a.
Definisyon: 1. Peryòd Aplikasyon siyifi peryòd kote Renown dwe aksepte epi travay sou yon aplikasyon pou èd finansye annakò ak Pwogram Èd Finansye( Financial Assistance Program, FAP) an. Peryòd Aplikasyon an kòmanse nan dat yo bay swen yo epi li fini nan 365yèm jou apre Renown te bay premye relve bòdwo a oswa nan 90 jou apre yo te voye l nan koleksyon, selon sa ki rive anpremye a.
2. Dat Limit Bòdwo siyifi dat kote Renown apre dat sa ka kòmanse yon Aksyon Koleksyon Estwòdinè kont Garan an. Dat Limit Bòdwo an dwe presize nan yon avi alekri yo bay Garan an omwen 30 jou anvan dat limit sa, men pa pi bonè pase dènye jou Peryòd Aplikasyon an.
3. Dat Limit Finisman siyifi dat kote Renown apre dat sa ka kòmanse oswa reprann yon Aksyon Koleksyon Estwòdinè( Extraordinary Collection Action, ECA) kont yon moun ki te soumèt yon Aplikasyon pou Èd Finansye enkonplè si moun sa pa te bay enfòmasyon ki manke yo ak / oswa dokiman ki nesesè yo pou konplete aplikasyon an. Yo dwe presize Dat Limit Finisman an nan yon avi alekri epi li pa dwe fèt pi bonè pase 30 jou apre Renown te bay moun lan avi a: oswa dènye jou Peryòd Aplikasyon an.
4. Aksyon Koleksyon Estwòdinè( Extraordinary Collection Action, ECA) siyifi nenpòt aksyon kont yon moun ki gen rapò ak jwenn peman pou yon Kont Oto-Peye ki egzije yon pwosesis legal oswa jidisyè oswa ki enplike vann Kont Oto-Peye a ba yon lòt pati oswa rapòte enfòmasyon negatif sou Garan an bay ajans rapò kredi konsomatè oswa biwo kredi yo. Lòt egzanp ECA yo gen ladan: mete yon dwa sezi ak lavant sou pwopriyete yon moun, kòmanse yon aksyon sivil kont yon moun oswa sezi salè yon moun. ECA yo pa gen ladan yon aksyon pou pèfeksyone dwa sezi legal la sou reklamasyon responsablite oswa transfè yon Kont Oto-Peye bay yon lòt pati pou rezon koleksyon san itilize ECA, oswa depoze yon reklamasyon nan nenpòt pwosedi fayit. Ou ka jwenn plis enfòmasyon konsènan definisyon sa a nan direktiv IRS 1.501( r)- 6 Faktirasyon ak koleksyon( Billing and collection).
Politik ak Pwosedi sa yo se gidaj pou Òganizasyon an. Òganizasyon an rekonèt ka gen reyalite ak / oswa sikonstans byen presi ki jistifye yon eka yon dispozisyon byen presi nan politik la. Anyen nan dokiman sa pa gen objektif anpeche kapasite yon anplwaye pou sèvi ak bon jijman nan sikonstans konsa.