FAP Haitian Creole Billing and Collections Policy | Seite 3

Politik Renown v2021 Paj 3 nan 4
b) Pou sèvis ki baze nan etablisman, yo pral voye yon lis detaye frè yo nan adrès ki gen pou garan an nan dosye konfòmeman ak NRS 449.243. Pasyan yo ka jwenn yon relve detaye gratis sou demann.
c) Sou katriyèm relve Kont Pasyan an, pasyan an ap resevwa yon avi final ki enfòme Garan an ke rapò gendwa fèt bay biwo kredi epi aksyon lajistis gendwa pran. Y ap fè plis aktivite koleksyon, si Garan an pa fè aranjman pou peman apwopriye oswa aplike pou FAP.
• Aranjman pou Peman: Objektif Renown Health se kolabore avèk pasyan yo epi fè aranjman pou peman rezonab, san enterè. Pasyan an ka enskri nan Renown pou yon plan peman dire kout, jiska 12 mwa. Nenpòt kondisyon plan peman ki mande pou dire ki plis pase 12 mwa nesesite apwobasyon ki baze sou kondisyon ki mande nan plan an. o Reprezantan Sèvis Kliyan yo ka apwouve kondisyon pou jiska 12 mwa o Sipèvizè oswa Manadjè Sant Dapèl Oto-Peman an ka apwouve kondisyon ki rive jiska 24 mwa
• Nenpòt aranjman peman ki depase 2 zan dwe gen apwobasyon Direktè Revni Pasyan an.
• Finansman Pasyan: Finansman pasyan, nan 0 % enterè, disponib an pasan pa yon tyès pati, pou moun ki kalifye.
• Rabè pou Oto-Peman: Rabè pou Oto-Peman yo aplike pou tout pasyan ki pa asire ki peye yomenm. Y ap resevwa yon rabè 30 % sou total frè brit yo. Pou sèvis ki baze nan etablisman, kont ki gen frè total ki plis pase $ 5,000 ap resevwa yon rabè 30 % anplis ki aplike sou total frè brit yo. Depann de kalifikasyon yo, pasyan ki manke asire yo gendwa kalifye pou rabè jiska 40 %.( RENOWN. CBO. 024) i. Sèvis yo kalifye pou yon rabè pou peman rapid 20 %( apre aplikasyon nenpòt rabè apwopriye pou oto-peman oswa rabè dola elve) sou balans ki rete a si yo peye okonplè nan moman sèvis la, oswa nan lespas 30 jou apre yo te voye premye relve a bay Garan an.
• Aksyon Koleksyon Estwòdinè( Extraordinary Collection Action, ECA): Renown pa pral angaje nan ECA yo, ni dirèkteman, ni pa mwayen nenpòt ajans koleksyon dèt oswa lòt tyès pati ke Renown te refere dèt pasyan an ba yo, anvan efò rezonab te fèt pou detèmine si yon Garan( Plizyè Garan) kalifye dapre FAP a jan li endike nan politik FAP a( Renown. SPC. 006.).
• Pasyan ki pa vle peye pou sèvis ki konsidere kòm dèt ki pa kapab rekipere apre yo fin fè efò rezonab ap refere yo bay ajans deyò pou fè koleksyon yo.
• Ajans Koleksyon yo: Ajans Koleksyon Renown Health yo pral voye notifikasyon bay pasyan yo pou fè yo konnen rapò gendwa kòmanse fèt biwo kredi yo.
a) Tout ajans koleksyon yo pral respekte konfòmite reglemantè Lwa sou Pratik Ekitab pou Koleksyon Dèt( The Fair Debt Collection Practices Act, FDCPA) https:// www. ftc. gov / enforcement / rules / rulemaking-regulatory-reform-proceedings / fair-debtcollection-practices-act-text
Politik ak Pwosedi sa yo se gidaj pou Òganizasyon an. Òganizasyon an rekonèt ka gen reyalite ak / oswa sikonstans byen presi ki jistifye yon eka yon dispozisyon byen presi nan politik la. Anyen nan dokiman sa pa gen objektif anpeche kapasite yon anplwaye pou sèvi ak bon jijman nan sikonstans konsa.