FAP Haitian Creole Billing and Collections Policy | Page 4

Politik Renown v2021 Paj 4 nan 4
b) Renown gendwa pran aksyon lajistis kont pasyan ki pa kowopere pou jwenn peman pou sèvis yo bay lè yon ankèt sou byen endike pasyan an ka peye men li refize. Manadjè Revni Pasyan an ap egzamine e apwouve kont ki kalifye pou aksyon lajistis yo.
c) On fwa yo apwouve, ajans koleksyon Renown Health yo pral voye yon lèt sètifye bay yon pasyan pou fè l konnen entansyon nou gen pou pouswiv aksyon lajistis omwen 15 jou anvan depoze aksyon an sof si nou te deja dokimante ke nou pa gen yon adrès valab pou pasyan an.
d) Renown Health p ap janm pran ni lakòz lavant rezidans prensipal pasyan an. Renown gendwa mete yon dwa sezi sou rezidans yon Garan dekwa pou lè lavant rezidans lan obligasyon Garan an ap peye.
• Nenpòt peman anplis ki resevwa nan kont ki apwouve pou FAP yo pral trete dapre politik RENOWN. PRB. 005.
• Chak Reprezantan Sèvis Kliyantèl Sant Dapèl Oto-Peman ap responsab li epi konprann direktiv ki nan Lwa sou Pratik Ekitab Koleksyon Dèt yo, pi presizeman 804 jiska 807. http./// www. ftc. gov / os / statutes / fdcpa / fdcpact. htm
Referans / Règleman: Lwa sou Pratik Ekitab pou Koleksyon Dèt( The Fair Debt Collection Practices Act, FDCPA)
http:// www. ftc. gov / os / statutes / fdcpa / fdcpact. htm Politik Pwogram Èd Finansye Renown Health https:// www. renown. org / patients-and-visitors / billing / financial-assistance Faktirasyon ak Koleksyon – Seksyon 501 ®( 6)( Billing and Collections – Section 501 ®( 6)) https:// www. irs. gov / charities-non-profits / billing-and-collections-section-501r6 NRS 449.243 https:// www. leg. state. nv. us / NRS / NRS-449. html # NRS449Sec243 Pwogram Èd Finansye( RENOWN. SPC. 006) Ajisteman nan Kont Kliyan( RENOWN. CBO. 024) Ranbousman ak Balans Kredi( RENOWN. PRB. 005)
Politik ak Pwosedi sa yo se gidaj pou Òganizasyon an. Òganizasyon an rekonèt ka gen reyalite ak / oswa sikonstans byen presi ki jistifye yon eka yon dispozisyon byen presi nan politik la. Anyen nan dokiman sa pa gen objektif anpeche kapasite yon anplwaye pou sèvi ak bon jijman nan sikonstans konsa.