FAP Haitian Creole Financial Assistance Program Policy

Tit Politik la: Tit Travay Pwopriyetè Politik la:
Pwogram Èd Finansye Direktè Revni Pasyan
Se Konfòmite ki dwe ranpli seksyon sa a
Dat Antre Anvigè Aktyèl
1 / 2026
Dat Dènye Revizyon
9 / 2024
Komite Apwouve Pa:
Komite Dirijan Odit ak Konfòmite
Lòt Apwobasyon Komite:
Pa aplikab
Pòte: Renown Health ak antite ki afilye li yo, sa gen ladan Renown Regional Medical Center, Renown South Meadows Medical Center, Renown Women’ s Health, Rehabilitation Hospital, ak Renown Medical Group adopte politik ak pwosedi ki annapre la a. Sèvis Women’ s Health Ryland ofri yo kalifye pou pwogram National Health Service Corp rabè frè ki baze sou revni baze sèlman sou gwosè ak revni fanmi an; tès byen ak lèt refi Medicaid pa obligatwa.
Definisyon: 1. FAP – Pwogram Èd Finansye 2. FPG – Gid Federal sou Povrete 3. FPL – Nivo Povrete Federal 4. Revni Fwaye oswa Fanmi- Gen ladan pasyan an, mari / madanm oswa patnè legal pasyan an, ak tout timoun pasyan an, natirèl oswa adopte, ki poko gen 18 lane. Si pasyan an gen mwens pase 18 lane( ki defini kòm yon“ minè”), fanmi an dwe gen ladan pasyan an, paran( yo) natirèl oswa adoptif pasyan an ak timoun pasyan an, natirèl oswa adopte ki gen mwens pase 18 lane. Paran vivan pou pasyan ki gen laj mwens pase 18 lane dwe konte kòm yon pati nan“ fanmi” pasyan an san konsidere si yo abite nan kay pasyan an. Nenpòt pasyan ki gen 18 lane oswa plis konsidere kòm baz pou pwòp“ fanmi” li. Si pasyan an ansent, yo pral detèmine gwosè fwaye a dapre kantite nouvone ki prevwa anplis de manman an. 5. Byen yo – Byen yo se tout bagay ou posede ki gen nenpòt valè lajan; plis nenpòt lajan yo dwe w. 6. Garan – Moun ki responsab finansyèman pou kont yon pasyan 7. Montan yo Chaje Anjeneral( Amounts Generally Billed, AGB) pou Lopital la Presizeman – Pou RRMC ak RSMMC, yon pousantaj ki sòti nan divize sòm tout reklamasyon pou sèvis Nesesè pou Rezon Medikal ki bay nan Lopital sa a ke Medicare frè pou sèvis ak tout asirans prive kòm peyè prensipal ki te peye pandan Peryòd ki Konsène a, ansanm ak nenpòt pati asosye nan reklamasyon sa yo ke benefisyè Medicare yo oswa moun ki asire yo peye sou fòm kopeman, ko-asirans oswa dediktib, pa Frè Nòmal ak Òdinè pou Sèvis Nesesè pou Rezon Medikal.( Ranbousman Total ÷ Frè Total = Pousantaj AGB pou Lopital la Presizeman) Gade nan Règleman Trezò 1.501( r)-5( b)( 4). 8. Endijan sou Plan Medikal: Moun ki pa gen asirans sante epi ki pa kalifye pou lòt kouvèti swen sante, tankou Medicaid, Medicare, oswa asirans sante prive. 9. Nesesè pou Rezon Medikal: Sèvis ki obligatwa pou idantifye oswa pou trete yon maladi oswa blesi ki swa dyagnostike oswa sispèk yon fason rezonab kòm Nesesè pou Rezon Medikal etandone nivo swen ki pi apwopriye a. Pou li konsidere kòm Nesesè pou Rezon Medikal, yon sèvis dwe: a. Obligatwa pou trete yon maladi oswa yon blesi; b. Koresponn avèk dyagnostik ak tretman eta pasyan an;